|
Claude Pierre sélection janvier 2005
nous vient d'Haïti, il se présente à vous.
Aux innombrables victimes de la tempête Jeanne
porteuse d'inondations meurtrières qui ont frappé une
partie de mon pays
Dlo anmè kou fyèl,
soti anwo galope jouk lan plenn
wose sou tèt zòtèy li.
Dlo depase galta, chanmòt;
jwèt la make san.
Bò isit, dlo se fyèl
Al mande Chansòl, Mapou, Dewonvil, Pasrèn, Gonayiv,
ya di w ki jan dlo sa a rele.
N aladriv !
Bò isit, dlo a kimen pouri,
yon dlo vèmin;
se pa lavi li pote se lanmò li simen,
100 mò, 2000 mò,
yon mòn Byenak kadav :
timoun, vyegranmoun, fanm, gason
tout pran lan pyèj dlo kriminèl sa a tètchaje !
Bò isit dlo se yon simityè glise
kote kadav dangriyen ap fè laplanch, yon twou san fon,
yon toubouyon san zantray
k ap souse tè a lan baskil
Pi fò kretyen vivan pèdi tèt
monte desann kon chen fou
Nenpòt ti farinay dyòl plen dlo
E lajounen kou lannuit
yon sèl koze bouyi lan sèvo n' san detounen malè,
Ki pwochenn fwa
yon lòt kalamite
gen pou l frape ankò ?
28-09-04
|
Venue d’en haut et cavalcadant vers la plaine
ici l’eau est amère
sa surabondance suspecte
respire la détresse
ici l’eau est amère
son nom ça et là
Chansolm, Mapou, Desronville
Passe Reine, Gonaïves
aladriv !
Ici l’eau est pourrie
c’est pas la vie qu’elle apporte
c’est la mort qu’elle charrie
cent morts, deux mille morts
enfants, vieillards, femmes, hommes
tous pris au piège de l’eau traîtresse
assassine, empoisonneuse
d’un pays aladriv !
Ici l’eau est une tombe gluante
une fosse, un bas-fond
un maelström enragé
un désert, un ventre insatiable
qui bouffe une terre aladriv !
Et les survivants en détresse
ruminent à bas bruit de démence
et en hochant la tête
la question obsédante
face à l’entêtement du malheur:
À quand la nouvelle catastrophe?
28/09/04
|
***
->
Vous désirez envoyer un commentaire sur
ce texte?
-> Vous voulez nous envoyer vos textes?
Tous
les renseignements dans la rubrique : "Comité de poésie"
|